Couplet 1
Gen kèk fwa kretyen yo konn panse se yo menm
Ki ta kapab mennen batay la
Se sa ki fè pafwa yo konn pedi batay la
Ann nou lagay batay la nan men Letènèl
Se Li menm ki konnen sa L-ap fè
Bay Letènèl batay la wa gen la viktwa
Choeur
Batay la se pou Letènèl
Poukisa w-ap kaze kò-w
Batay la se pou Letènèl
Rete an silans an silans
Ou mèt eseye depi jodi pou rive demen
Se pa anyen w-ap regle
Pito-w lage batay la nan men Letènèl
Refrain
Pito-w lage batay la
Nan men Letènèl