Thamar

Pou Toutan

Jezi Jezi, Adorasyon mwen se pou Ou, Papa Papa, Pou toutan ki gen tan m-adore-W...M-exalte-W paske-W se Bondye, W-ap domine pou letènite, Lè-w pale kiyès ki ka reziste, Mwen koube-m byen ba pou-m adore-w..

Mwen Envite’W

Mwen envite benediksyon lakay mwen, Mwen envite pwosperite lakay mwen, Kounye a, Nan moman sa...Nan pawòl ou mwen jwenn asirans, Paske tout sa-w di ou fè, Nan ou sèl mwen genyen konfyans, M-ap louwe-w paske-w fidèl...

Li Posib

Pa gen anyen ki enposib pou ou, Bondye pou Ou, Bondye pou Ou, Pa gen anyen ki enposib pou Ou, Bondye pou Ou, Bondye Pou Ou, Si-W pal ak montay yo, Y-ap deplase, Y-ap deplase, Y-ap deplase