Kote Sa Bondye Paka Fè A
Kote kote kote, Sa Bondye paka fè a, Li fann lanmè an de, Li fè wout bay pèp li pase, Montay sa ki kanpe devan-w lan, Li pa pi wo ke Bondye...
Kote kote kote, Sa Bondye paka fè a, Li fann lanmè an de, Li fè wout bay pèp li pase, Montay sa ki kanpe devan-w lan, Li pa pi wo ke Bondye...
Pouki move jou yo fè nou doute, Jezi mande pou nou pa enkyete, Nou se yon ras elu, Nou se yon pèp aki, Se nou Bondye chwazi pou temwen, Pandan w-ap avanse leve men ou anle, Chante glwa a l-anyo Bondye a...
Batay la se pou Letènèl, Poukisa w-ap kaze kò-w, Batay la se pou Letènèl, Rete an silans an silans, Ou mèt esye depi jodi pou rive demen, Se pa anyen w-ap regle, Pito-w lage batay la nan men Letènèl...
F-on bagay nef nan lavi-m, Bagay nèf nan lavi-m, Bagay nèf nan lavi-m Senyè...
Si w wè m-ap viv vyè frè-m, Gras Bonye sou mwen, Se pa anyen m-fè pou sa, Se gade m-gade wè-m konsa
Bondye konn fè wout, Kote pa janm genyen wout, Lè l ap travay nou pa konprann, L ape fè yon wout pou ou, L ape gide ou