Mwen Se Enstriman W

Share | Pataje

Couplet 1

Kote-W voye-m nan Senyè se la pou-m ale

Sa Ou di-m fè a Senyè se li menm pou-m fè

Mwen pa mèt tèt mwen

Ou rachte mwen pou wayòm ou

Lespri-m nanm kò mwen

Tout nèt se pou ou

Choeur

Wa mennen mwen Senyè jan ou vle

Wa fè-m fè o Papa tout sa-W vle

Mwen se entriman-w

Se pou Ou mwen la

Mwen dakò pou fè ak tout kè-m tout sa-W vle

Couplet 2

Se Ou ki chwazi-m

Se Ou ki gen plan lavi-m

Se Ou ki konnen pouki-W voye-m isi ba

Tanpri pa kite-m fè anyen ki pap fè-W plezi

Nan tout ti detay

Se sa-W vle aki pou fèt

Pont

Fè-m renmen Ou plis chak jou

Fè-m kole sou Ou plis

Lavi-m pa anyen san Ou

Senyè mennen-m jan Ou vle

The artist’s Music on Other Platforms

Mizik Atis La Sou Lòt Platfòm


Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

en_USEnglish