Sam Pat Espere A

Share | Pataje

Choeur

Sa-m pat espere a

Wi Ou fè-l rive vre

Sa-m pat janm panse a

Ou fè-l nan vi-m Bondye

Ou leve-m devan lènmi-m yo

Ou pase avè-m devan mechan yo

Sa-m pat espere a wi ou fè-l rive vre

Couplet 1

Si jodia-m vivan

Koman pou-m pa louwe-w

Mwen domi mwen leve

Koman pou-m pa chante

A chak etap nan vi mwen

Ou toujou la pou mwen

M-paka pa louwe

M-paka pa louwe

Couplet 2

M-pat ka enfante

Kounya-m g-on bèl bebe

M-pat ka vwayaje

Jodia-m tout kote

Sel Ou-k te ka fè-l vre

Fòk mwen temwanyè

M-paka pa louwe-w

M-paka pa louwe-w

Pont

M-pap janm ka fin rakonte byenfè-W yo

Ak men anlè m-adore-W tankou zanj yo

Ou merite tout lwanj adorasyon mwen yo

Tout lavi-m se pou-m chante non Ou

Pont 2

M-pap janm fin rakonte

M-pap janm fin rakonte

M-pap janm fin rakonte

M-pap janm fin rakonte

The artist’s Music on Other Platforms

Mizik Atis La Sou Lòt Platfòm


Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

en_USEnglish