By Haitian Artists

Jezi Pa Nan Tonbo A Anko

Jezi pa nan tonbo a ankò, Li leve vivan nan lanmò, Kounya L-ap renye sou gran twòn Li, Pou tout tan e pou tout tan, Tout chèf tout wa tout nasyon yo, Ann leve vwa nou byen wo, Pou-n adore bon sovè nou an...

Pou Toutan

Jezi Jezi, Adorasyon mwen se pou Ou, Papa Papa, Pou toutan ki gen tan m-adore-W...M-exalte-W paske-W se Bondye, W-ap domine pou letènite, Lè-w pale kiyès ki ka reziste, Mwen koube-m byen ba pou-m adore-w..

Mwen Envite’W

Mwen envite benediksyon lakay mwen, Mwen envite pwosperite lakay mwen, Kounye a, Nan moman sa...Nan pawòl ou mwen jwenn asirans, Paske tout sa-w di ou fè, Nan ou sèl mwen genyen konfyans, M-ap louwe-w paske-w fidèl...

Ouve Pot Yo

Ouvè pòt yo, Ouvè pòt yo, Kraze baryè yo, Ou devan mwen dèyè, Ale pou mwen kote-m paka ale yo, Antre pou mwen kote-m paka antre yo, Rive pou mwen kot pye paka rive yo, Ou devan mwen dèyè...

Ou Soti Lwen Ave m Jezi

Ou soti lwen ave-m Jezi, Gende bagay ou fè pou mwen, Mwen m pa konnen yo, Mesi mesi Jezi...Li kite twòn li, Ak lame zanj yo, Li site non mwen , Chen yo kase, Wayòm li vini , Ak tout pouvwa li, Li rachte nanm mwen, Mwen libere...

Shabach

Louons L’Éternel Alléluia

Célébrons notre Dieu Alléluia

Louons L’Éternel Alléluia

Célébrons notre Dieu

Alléluia Alléluia

Alléluia Alléluia

Li Posib

Pa gen anyen ki enposib pou ou, Bondye pou Ou, Bondye pou Ou, Pa gen anyen ki enposib pou Ou, Bondye pou Ou, Bondye Pou Ou, Si-W pal ak montay yo, Y-ap deplase, Y-ap deplase, Y-ap deplase

en_USEnglish