Bonjou!
Good morning! You are fearfully and wonderfully made. God made you, knows you, and wills good things for you no matter what. Be encouraged today by these Bible verses that speak against your insecurities.
13 Uplifting Bible Verses to Help You Overcome Insecurity & Self-Doubt
HAT98 "Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m. 14) M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay."
BSA "Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo. Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m. 14) Mwen va bay Ou anpil remèsiman, paske mwen fèt yon fason mèvèye. Zèv Ou yo depase bon konprann e nanm mwen byen konnen sa.
HAT98 "Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya. 18) Tou sa sòti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m konfyans, ki ban m travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l ankò." are of God, who hath reconciled us to himself by Jesus Christ, and hath given to us the ministry of reconciliation; “
BSA "Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf. 18) Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an." are of God, who has reconciled us to Himself through Jesus Christ, and has given us the ministry of reconciliation,”
HAT98 "Se mwen menm ki konnen sa m'gen nan tèt nou pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se pwojè byen mwen gen pou nou, se pa pwojè malè. Sa mwen vle pou nou, se yon denmen ki chaje espwa."
BSA "Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa."
HAT98 "Se Bondye ki fè nou. Li kreye nou nan Jezikri pou nou pratike sa ki byen, bon zèv li te pare davans pou nou fè yo."
BSA "Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo."
HAT98 "Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive."
BSA "Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a."
HAT98 "Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a."
BSA "Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a."
HAT98 "Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa."
BSA "Epi nan Li menm nou vin konplè nèt, paske se Li menm ki chèf an tèt sou tout wayòm ak otorite yo."
HAT98 "Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Senyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou."
BSA "Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou."
HAT98 – “But now thus saith the Lord that created thee, O Jacob, and he that formed thee, O Israel, Fear not: for I have redeemed thee, I have called thee by thy name; thou art mine.”
BSA – “But now, thus says the Lord, who created you, O Jacob, and He who formed you, O Israel: ‘Fear not, for I have redeemed you; I have called you by your name; You are Mine.’”
HAT98 – “Are not two sparrows sold for a farthing? and one of them shall not fall on the ground without your Father. 30) But the very hairs of your head are all numbered. 31) Fear ye not therefore, ye are of more value than many sparrows.”
BSA – “Are not two sparrows sold for a copper coin? And not one of them falls to the ground apart from your Father’s will. 30) But the very hairs of your head are all numbered. 31) Do not fear therefore; you are of more value than many sparrows.”
HAT98 "Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!"
BSA "Sila ki rete fèm nan panse li yo, Ou va kenbe nan lapè pafè, akoz li gen konfyans nan Ou."
HAT98 "Ak lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la, gremesi konfyans nou gen nan li a, nou lib pou nou pwoche devan Bondye san kè sote."
BSA "Nan Li menm, nou gen kouraj pa lafwa pou apwoche Li ak konfyans."
HAT98 "Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray."
BSA "Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la."
Se Bondye Ki Fè W & Se Li Menm K-ap Fòme-W
Don’t sweat you flaws and faults. Live & learn. God made you, and is working on and for you – non-stop. Be joyous about who God says you are!
Come back Mondays for more Bible verses about….whatever.