Li Vire Yo
Tout sa-k te di kont mwen yo, Li vire yo an byen, Li vire yo an byen pou glwa non li, Konplo-k te fèt sou do-m yo, Li vire yo an byen, Li vire yo an byen pou glwa non li...
Tout sa-k te di kont mwen yo, Li vire yo an byen, Li vire yo an byen pou glwa non li, Konplo-k te fèt sou do-m yo, Li vire yo an byen, Li vire yo an byen pou glwa non li...
Kote kote kote, Sa Bondye paka fè a, Li fann lanmè an de, Li fè wout bay pèp li pase, Montay sa ki kanpe devan-w lan, Li pa pi wo ke Bondye...
M-pap fè Bondye-m nan wont, M-ap leve non Bondye anwo nan konpòteman-m, M-pap fè Bondye-m nan wont, M-ap leve non Bondye anwo nan konpòteman-m, Se pou lavi-m fè tout payen yo kriye, Gen Bondye, Se pou limyè nan mwen an briye...
Pouki move jou yo fè nou doute, Jezi mande pou nou pa enkyete, Nou se yon ras elu, Nou se yon pèp aki, Se nou Bondye chwazi pou temwen, Pandan w-ap avanse leve men ou anle, Chante glwa a l-anyo Bondye a...
M-ap chante Viv lanmou Bondye a, O o viv lamou san enterè a, Viv lanmou soti anwo a, Viv lamou te ba sèl pitit la, Viv lanmou Jezi a, Si g-on lamou-k fidèl vre, Se lanmou Kris pou legliz la, Si g-on lanmou-k reyèl vre, Se lanmou Kris pou pèp li a, Nou fè tout sa-k pap bon devan-L...
M-abandone-m nan men-W, M-renonse a tèt mwen, M-abandone-m nan men-W, Fè mwen jan Ou vle, Jezi m-renonse ak tout sa-m te vle, Ke volonte pa-W pase, Jezi m-renonse ak tout sa-m te vle, Fe mwen jan Ou vle...
Jezi pa nan tonbo a ankò, Li leve vivan nan lanmò, Kounya L-ap renye sou gran twòn Li, Pou tout tan e pou tout tan, Tout chèf tout wa tout nasyon yo, Ann leve vwa nou byen wo, Pou-n adore bon sovè nou an...
Batay la se pou Letènèl, Poukisa w-ap kaze kò-w, Batay la se pou Letènèl, Rete an silans an silans, Ou mèt esye depi jodi pou rive demen, Se pa anyen w-ap regle, Pito-w lage batay la nan men Letènèl...
Jezi Jezi, Adorasyon mwen se pou Ou, Papa Papa, Pou toutan ki gen tan m-adore-W...M-exalte-W paske-W se Bondye, W-ap domine pou letènite, Lè-w pale kiyès ki ka reziste, Mwen koube-m byen ba pou-m adore-w..
Mwen envite benediksyon lakay mwen, Mwen envite pwosperite lakay mwen, Kounye a, Nan moman sa...Nan pawòl ou mwen jwenn asirans, Paske tout sa-w di ou fè, Nan ou sèl mwen genyen konfyans, M-ap louwe-w paske-w fidèl...