Bonjou! Lundi sa n-ap gade travay; Bib la tankou yon font ki koule san rete avèk bon konsèy pou-n aplike nan vi nou chak jou.
Jezi Kris se Chemen an Verite e Lavi.
Vèsè LaBib Sou Prensip Travay
HAT98 Travay, w'a jwenn tou sa ou bezwen. Rete chita ap pale anpil ap rann ou pòv. tendeth only to penury.
BSA Nan tout travay gen pwofi; men pale anpil mennen nan povrete. leads only to poverty.
HAT98 Se swe kouray ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè w'a tounen nan tè kote ou sòti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò. art, and unto dust shalt thou return.
BSA Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.” are, and to dust you shall return.”
HAT98 Yet Dòmi, kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon! 34) W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann. as one that travelleth; and thy want as an armed man.
BSA “Yon ti dòmi, yon ti somèy, yon ti pliye men pou repoze,” 34) Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè; ak bezwen tankou yon bandi kon zam. like a prowler, and your need like an armed man.
HAT98 Tou sa ou jwenn pou ou fè, fè l ak tout fòs ou. Paske, kote ou prale a, nan peyi kote mò yo ye a, nanpwen travay pou ou fè, pa gen lide ki pou mache nan tèt ou, pa gen konesans, pa gen bon konprann. it with thy might; for there is no work, nor device, nor knowledge, nor wisdom, in the grave, whither thou goest.
BSA Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a. it with your might; for there is no work or device or knowledge or wisdom in the grave where you are going.
HAT98 Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p'ap pran, si tou de p'ap bay menm rannman. shall be alike good.
BSA Simen semans ou nan maten an; ni pa gaspiye tan nan aswè. Paske ou pa janm konnen si se nan maten oswa nan aswè semans lan ap reyisi; ni si se pa tou de k ap bon. will be good.
HAT98 Apòlòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati. ye are God’s building. 10) Dapre favè Bondye te fè m lan, mwen travay tankou yon bon enjenyè, mwen poze fondasyon an. Yon lòt ap bati sou li. Men, se pou chak moun veye kò yo pou yo konnen ki jan y'ap bati. 11) Paske fondasyon an deja la: se Jezikri. Pèsonn pa ka poze yon lòt.
BSA Paske nou se ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a. you are God’s building. 10) Selon gras Bondye ki te ban mwen an, kon yon mèt k ap bati byen saj, mwen te poze yon fondasyon. Men konsa, se yon lòt k ap bati sou li. Konsa, fòk chak moun pridan sou jan li bati sou li a. 11) Paske pèsòn pa kapab poze okenn lòt fondasyon sof ke sila ki poze deja a, ki se Jésus Kri.
HAT98 Mwen pat kite pèsonn ban m manje pou gremesi. Okontrè, mwen te travay di, mwen te fatige kò mwen anpil, lajounen kou lannwit, pou m pat sou kont nou yonn.
BSA Ni nou pa t manje pen a lòt moun san peye pou li, men avèk travay ak difikilte, nou te kontinye travay lajounen kou lannwit pou nou te kab pa vini yon chaj lou pou okenn nan nou.
HAT98 Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Senyè a. it heartily, as to the Lord, and not unto men; 24) Chonje byen: Senyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la.
NHAT98 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 24) Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.
Pou Tout Travay W-ap Fè Yo, Ankouraje
Vini chak lendi pou plis vèsè sou...nenpòt sijè