Sam Pat Espere A

Sa-m pat espere a, Wi Ou fè-l rive vre, Sa-m pat janm panse a, Ou fè-l nan vi-m Bondye, Ou leve-m devan lènmi-m yo, Ou pase avè-m devan mechan yo, Sa-m pat espere a wi ou fè-l rive vre…M-pap janm ka fin rakonte byenfè-W yo Ak men anlè m-adore-W tankou zanj yo, Ou merite tout lwanj adorasyon mwen yo, Tout lavi-m se pou-m chante non Ou…

Mwen Se Enstriman W

Wa mennen mwen Senyè jan ou vle, Wa fè-m fè o Papa tout sa-W vle, Mwen se entriman-w, Se pou Ou mwen la, Mwen dakò pou fè ak tout kè-m tout sa-W vle…

L’ap Renye

Amen Alelouya, Jezi mouri-L recisite, Amen Alelouya, L-ap renye pou letènite, Li a dwat Papa, L-ap renye, Zanj yo pwostène adore, Wa pou toutan, Y-ap chante…

M-ap Kontinye Fè-W Konfyans

M-ap kontinye fè-w konfyans, M-ap kontinye kwè nan Ou, Bondye-w fidèl, Tout sa ou di toujou rive, Pwojè-W yo sou lavi mwen m-ap viv yo, Pwofesi yo toujou akonpli, M-ap fè-w konfyans

Béni Soit Ton Nom

Béni soit ton nom, Béni soit nom, À toujours et à perpétuité, Oh Éternel, Honorer soit ton nom, Honorer soit ton nom, À toujours et à perpétuité, Oh Éternel…

Banm Mwen Viktwa

Senyè mwen priye Ou, Vin konsole-m, Seche dlo nan jè-m, Senyè-m sipliye Ou, Pou-W ban mwen viktwa, Mwen nan konba, Wa ban mwen viktwa tanpri Papa

Li Ka Fèl

O o, Li ka fè-l, Li konn fè-l, L-ap refè li anko, Mwen te fin dekouraje, M-pat wè kote-m pral pase, Lè-m sonje tout sa-k rive, Eksperyans mwen ak Bondye, M-pata sipoze doute, Kè-m pa sote paske…

Li Vire Yo

Tout sa-k te di kont mwen yo, Li vire yo an byen, Li vire yo an byen pou glwa non li, Konplo-k te fèt sou do-m yo, Li vire yo an byen, Li vire yo an byen pou glwa non li…

Kote Sa Bondye Paka Fè A

Kote kote kote, Sa Bondye paka fè a, Li fann lanmè an de, Li fè wout bay pèp li pase, Montay sa ki kanpe devan-w lan, Li pa pi wo ke Bondye…

M Pap Fè Bondye M Nan Wont

M-pap fè Bondye-m nan wont, M-ap leve non Bondye anwo nan konpòteman-m, M-pap fè Bondye-m nan wont, M-ap leve non Bondye anwo nan konpòteman-m, Se pou lavi-m fè tout payen yo kriye, Gen Bondye, Se pou limyè nan mwen an briye…

Pouki Move Jou Yo Fè Nou Doute

Pouki move jou yo fè nou doute, Jezi mande pou nou pa enkyete, Nou se yon ras elu, Nou se yon pèp aki, Se nou Bondye chwazi pou temwen, Pandan w-ap avanse leve men ou anle, Chante glwa a l-anyo Bondye a…

Viv Lanmou Jezi A

M-ap chante Viv lanmou Bondye a, O o viv lamou san enterè a, Viv lanmou soti anwo a, Viv lamou te ba sèl pitit la, Viv lanmou Jezi a, Si g-on lamou-k fidèl vre, Se lanmou Kris pou legliz la, Si g-on lanmou-k reyèl vre, Se lanmou Kris pou pèp li a, Nou fè tout sa-k pap bon devan-L…

Jezi Pa Nan Tonbo A Anko

Jezi pa nan tonbo a ankò, Li leve vivan nan lanmò, Kounya L-ap renye sou gran twòn Li, Pou tout tan e pou tout tan, Tout chèf tout wa tout nasyon yo, Ann leve vwa nou byen wo, Pou-n adore bon sovè nou an…

Batay La Se Pou Letènèl

Batay la se pou Letènèl, Poukisa w-ap kaze kò-w, Batay la se pou Letènèl, Rete an silans an silans, Ou mèt esye depi jodi pou rive demen, Se pa anyen w-ap regle, Pito-w lage batay la nan men Letènèl…

Pou Toutan

Jezi Jezi, Adorasyon mwen se pou Ou, Papa Papa, Pou toutan ki gen tan m-adore-W…M-exalte-W paske-W se Bondye, W-ap domine pou letènite, Lè-w pale kiyès ki ka reziste, Mwen koube-m byen ba pou-m adore-w..

Mwen Envite’W

Mwen envite benediksyon lakay mwen, Mwen envite pwosperite lakay mwen, Kounye a, Nan moman sa…Nan pawòl ou mwen jwenn asirans, Paske tout sa-w di ou fè, Nan ou sèl mwen genyen konfyans, M-ap louwe-w paske-w fidèl…

Ouve Pot Yo

Ouvè pòt yo, Ouvè pòt yo, Kraze baryè yo, Ou devan mwen dèyè, Ale pou mwen kote-m paka ale yo, Antre pou mwen kote-m paka antre yo, Rive pou mwen kot pye paka rive yo, Ou devan mwen dèyè…

Ou Soti Lwen Ave m Jezi

Ou soti lwen ave-m Jezi, Gende bagay ou fè pou mwen, Mwen m pa konnen yo, Mesi mesi Jezi…Li kite twòn li, Ak lame zanj yo, Li site non mwen , Chen yo kase, Wayòm li vini , Ak tout pouvwa li, Li rachte nanm mwen, Mwen libere…

Se Sou Li Mwen Kanpe

Se sou li mwen kanpe, Se sou li mwen kanpe, Se nan li m-vle rete, Se nan li m-vle rete, Se mwen k-konnen mizè m-pase, Nan Jezi m-vle rete…

Di m Kisa w Vle m Fè

Se pat janm mwen menm, Se pap janm mwen menm, Se te toujou Ou menm, Se va toujou Ou menm, Senetespri, Fè travay Ou nan lavi-m…
htKreyòl Ayisyen