L Ap Konbat Pou Ou

Share | Pataje

Couplet 1

Lènmi an fas mwen

Men m konnen m pa pou kont mwen

Y ap tann echèk mwen

Men Bondye pral konfonn yo

Lè l kanpe pou piti li

Sa k avè l yo pi plis

Li se Jewova Nissi

Sa k ka kanpe anfas li

Choeur

Ret an silans l ap konbat pou ou

Ret sou jenou w l ap konbat pou

Fè kè w poze l ap konbat pou ou

Chante lwanj li, lap konbat pou ou

Couplet 2

Depi m pran jenou m

Lame syèl la antoure mwen

Tout tan men m leve

Gen efe nan kan mechan yo

Nou pa gen pou n redi

Viktwa n deja nan Kris

Nap sèvi yon Jezi ki konn leve defi

Pont

Vin nan prezans li

Chèche chèche fas li

Chèche fas li

Adore li


Swiv Avek Videyo A

Follow Along With The Video

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *