Couplet 1
Mwen te fin dekouraje
M-pat wè kote-m pral pase
Lè-m sonje tout sa-k rive
Eksperyans mwen ak Bondye
M-pata sipoze doute
Kè-m pa sote paske
Pre-Choeur
Sa twò piti pou-L pakap fè
Sa twò piti pou Bondye-m lan
Choeur
O o
Li ka fè-l
Li konn fè-l
L-ap refè li ankò
O o
Li ka fè-l
Li konn fè-l
L-ap refè li ankò
Couplet 2
Kretyen pinga ou twouble
Lè pwoblèm yo ap monte
Pa kite anyen touche-w
Ret danble avèk Bondye
Delivrans ou pral rive
Rete poze paske
Pont
Sa twò piti
Pou Bondye-m nan
Pa gen anyen li paka fè
Sa twò piti
Pou Bondye-m nan
Pa gen anyen li paka fè
Refrain
L-ap refè li ankò