Li Poko Twò Ta

Share | Pataje

Couplet 1

Sezon sa pap fini pou mwen pa jwenn

Bon nouvèl pam nan

Bon nouvèl pam nan

Si Bondye pèmèt m-ap respire toujou

Se paske-l vle-m jwi pwomès la

Pre-Choeur

Menm si sa pa sanble posib

M-konn Bondye David la

Se Dieu de l’impossible

Mwen pa-p mache pa sa-m wè

M-ap mache pa la fwa

Plan lavi-m pa nan men-m

Li nan men L-etènèl

Choeur

Li poko twò ta

Li poko twò ta

Bondye Abraham nan pa jan-m anreta

Li poko twò ta

Li poko twò ta

Vle pa vle m-ap antre nan destine-m

Couplet 2

Ane sa pap fini pou ou pa jwenn

Di bòn nouvèl pa-w la

Bòn nouvèl pam nan

Bòn nouvèl pam nan

Si Bondye pèmèt m-ap respire toujou

Se paske-l vle-m jwi pwomès la

Pont

Menm si bagay yo parèt ize

Bondye-m nan gon plan tou nèf

Pou mwen pou mwen

Menm si nan wout la w-ta wè-m mize

Se paske l-ap fè anpil pakou

Avèk mwen avèk mwen

Leve vwa-w di sa

Bòn nouvèl pou mwen

Move nouvèl pou ènmi-m yo

Kote mechan te planifye pyèj pou mwen

Bondye fè-l tounen yon byen pou vi mwen

Bòn nouvèl pou mwen

Move nouvèl pou ènmi-m yo

Kote ènmi an te mete yon pwen

Bondye di point aller à la ligne

Bòn nouvèl pou mwen

Move nouvèl pou ènmi-m yo

Lè ènmi yo vle bare-m atè

Bondye pran-m li pase avè-m anlè

Bòn nouvèl pou mwen

Move nouvèl pou ènmi’-m yo

Tout gwo montay ki te bare-m

Sèvi mwen echèl pou-m monte

Vle pa vle m-ap antre nan destine-m

Outro

Wè pa wè

M-ap antre nan destine-m

Chante ponpe

M-ap antre nan destine-m

M-ap antre

M-ap antre nan destine-m

Wo o o o o oo vle pa vle

M-ap antre nan destine-m

The artist’s Music on Other Platforms

Mizik Atis La Sou Lòt Platfòm


Swiv Avek Videyo A

Follow Along With The Video

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *