Lyon Judah Mache Pran Yo

Share | Pataje

Choeur

Lyon Judah mache pran yo pou mwen

Lyon Judah mache pran yo pou mwen

Tout move lespri ki vin kanpe an fas mwen

Lyon Judah Mache pran yo pou mwen

E voye yo

Choeur 2

Lyon Judah mache pran yo pou mwen

Lyon Judah mache pran yo pou mwen

Tout kote priye ap fè kont destine m

Lyon Judah mache pran yo pou mwen

E voye yo

Couplet 1

Mwen revolte kont tout fòs

Ki lage pou mache kont mwen

Mwen revolte kont tout fòs

Ki vini pou mete an reta

Pa pouvwa lespri pi fò a

Nan non Senyè met lavi a

Nan nenpòt kwen yo kache

Lyon Judah mache mache pran yo

Couplet 2

Kèlkeswa konpanyi ki t ap travay kont lavi m

Se pou yo aneanti

A janme a janme

Fos kont fòs, sentesprit pi fò

Epe kont epe, epe senesprit pi file

Anle sou tè anba tè

Lyon Judah mache pran yo pou mwen

Pont

Depi kounya pou jiska ke m kite tè sa

Se pou lavi m pa janm sispann briye

Tout jenerasyon ki pral vini apre yo

Mwen deklare se pou yo mache nan viktwa amèn alelouyah

Oh Oh Oh

Oh Oh

Oh Oh

Oh Oh Oh

Oh Oh

Oh Oh

Oh Oh Oh

Oh Oh

Oh Oh

Oh Oh Oh

Oh Oh Oh

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *