Mèvèy Sa

Share | Pataje

Couplet 1

Ou louvri je mwen pou m wè yon bèl solèy k ap briye

Epi W’ louvri zòrèy mwen pou mwen tande zwazo k ap chante

Mwen kanpe nan mitan pyebwa yo gade y ap louwe W

Mwen santi van k ap soufle poutan m pa ka wè l ni touche l

Choeur

Ou fè mwen kriye glwa alleluia

Bouch mwen bezwen chante mèvèy sa

Nanm mwen bezwen pale mèvèy sa

Ou fè mwen rele glwa alleluia

Mwen bezwen kontanple mèvèy sa

M ap egare devan mèvèy sa

Couplet 2

Depi tou piti m te sezi wè dlo sot nan syèl ap tonbe

Souvan g on etranj arc de cercle plizyè koulè k ranplase l

Kreyatè a nan tout sa L fè tou natirèlman e mèveye

Men peche fè lèzòm abitye fè yo sispann admire l

Choeur 2

Ou fè mwen kriye glwa alleluia

Bouch mwen bezwen chante mèvèy sa

Nanm mwen bezwen pale mèvèy sa

Ou fè mwen rele glwa alleluia

Mwen bezwen kontanple mèvèy sa

M ap egare devan mèvèy sa

Pont

Lanwit pral tonbe Nou rive devan mèvèy sa 

Devan océan Dlo koulè syèl la

Vag yo ap chante yo danse nan rit mizik la

Ansanm nou pral bay BonDye yon aksyon de gras

Syèl la transfòme devan je m

Yon bote k ap transpoze

M wè sole fin klere depeyize,

Ranplase pa yon spektak ki kòmanse

Syèl la dekore

Pitit piti yo enstale ak yon lòt sole

Vini vini vin admire kijan y ap briye

Tanperati a diminye silans enpoze

Pou tout la nati pran chante pandan li kache


Swiv Avek Videyo A

Follow Along With The Video

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *