Mwen Se Yon Chanpyon

Share | Pataje

Couplet 1

Mwen kreye nan imaj Bondye

Mwen kreye pou-m domine

Mwen gen nan mwen nati Bondye

Wi mwen se pitit Bondye

Couplet 2

Mwen sou latè ak yon manda

Bondye voye-m tou chanpyon

Mwen pa moun isit mwen sot anwo

Tout sa-m ye soti anwo

Tout sa-m ye soti anwo

Choeur

Mwen se tèt mwen pa janm pye

Mwen anwo m-pap janm anba

Mwen pa yon pèdan nanm

Mwen son chanpyon

Mwen beni andeyo

Mwen beni lè-m nan vil la

Nenpot sezon mwen ye m-ap beni

Se Bondye k fè-m konsa mwen beni

Couplet 3

Kote m-ap viv la pa defini

Jan mwen dwe ye eksplore m dwe fè

Kwayans mwen se pi gwo fòs mwen

Jan-m kwe-l la konsa-l va ye

Jan-m di-l la konsa m-va wè-l

Pont

Panse w ak bouche ou se zouti transfòmasyon la vi-w Bondye bay ou. Jan kwè l la, e pwoklame-l la se jan w va wè-l. Pou nenpòt moun, nenpòt ras, nenpòt sikonstans. Sa ki anndan w ke-w kwè a se li ke-w va wè. Ann repete sa, di mwen beni, Amen.

Mwen beni

Mwen beni

Mwen son chanpyon

Mwen son chanpyon

Mwen son champyon

Mwen son champyon

The artist’s Music on Other Platforms

Mizik Atis La Sou Lòt Platfòm


Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *