Mwen Sou Kont Anwo

Share | Pataje

Couplet 1

Lavi sou tè sa se yon mistè

Mwen tè vini yon lè, gen yon lè pou-m ale

Tan m-ap pase la kontwole anwo

Ajenda mond la pa gen kontwol sou mwen

Pre-Chouer 1

Pa gen van ennmi an ki ka voye-m ale

Jamè, jamè, jamè

Map kanpe janm nan non Senyè a

Amèn alelouya

Choeur

Mwen pap mouri oh wi m-ap viv

Mwen va pwoklame grandè Bondye

Se pa yon aza ki fè mwen la

Mwen sou kont anwo

Couplet 2

Mwen gen kapasite Bondye nan mwen

Sa k-ap soti nan bouch mwen gen efè sou mwen

M-pa vin pou-m ranmase, se pote m-pote

Mwen la pou-m chanje, pou-m pote solisyon

Pre-Choeur 2

Mwen pa yon pitimi san gadò, papa-m toujou avè-m

Oh wi, oh wi, oh wi

Si anwo pa bay, anba pa ka pran-m

Amèn alelouya

Pont

Tout sa yo ki panse pou yo ka bare-m

Anatem

Tout sa yo ki panse pou yo bloke-m

Anatem

Tout sa yo ki panse pou yo devye-m

Anatem

Tout sa yo ki panse pou yo detwi-m

Anatem, anatem, anatem

Choeur 2

L’Éternel oh, L’Éternel oh

Mon Sovè, mon Dieu, mon Wa

Yeshua Hamashiach

Tout lavi mwen nan men ou


SWiv Avek Videyo A

Follow Along With The Video


Swiv Avek Videyo A

Follow Along With The Video

One comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *