Nou Pase

Share | Pataje

Couplet 1

Nou te mouri

Lè nou t ap naje nan peche

Nan fènwa nou t ap avanse

Nou pat gen espwa’n te Kondane

Kondane

Men BonDye vini

Li viv lavi nou san l pa peche

Nan plas nou li bay Krisifye l

Aprè twa jou l resisite

Nou jistifye

Choeur

Nou pase

Paske w pase

Nou leve

Paske w leve

Jezi se ou ki fè wout la

Jezi ou se wout la

Nou pase

Paske w pase

Lè w resisite

Couplet 2

Wi Kris te vini

Li te mache nan sentete

Tout lalwa li te obsève

Pou reyisi kote nou echwe

Nou echwe

Annou rejwi

Si nou kwè se nan plas nou l mouri

Lè nou kwè se pou nou li leve

Avèk Jezi nou resisite

Ann selebre

Pont

A Gòlgota

Peche n klouwe w sou kwa

Jezi twa jou pita ou woule wòch la

A Gòlgota

Ou ranplase’n sou lakwa

Aprè twa jou ou leve nan laglwa w

Outro

Nou pase

Paske w pase

Nou leve

Paske w leve

Lè w resisite


Swiv Avek Videyo A

Follow Along With The Video

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *