Share | Pataje

Couplet 1

Mèvèy se non mwen

Nati mwen

Senyè mwen

M se yon mèvèy

Powèm se fòm mwen

M gen lespri

Ou nan mwen

M se yon chedèv

Pre-Chouer 1

Vi mwen kòmanse lè Ou resisite

Mwen leve

Pou m al kontinye travay Ou kòmanse

Choeur

M ap renonse a tèt mwen BonDye

Kite lespri w mennen m sou lapli nan solèy

Renmen sila yo k lwen w

Louvri zye sa k nan chenn

Sove yo

Mwen vle sonje m krisifye avèk Ou

Si m ka renmen se Ou k ap renmen nan mwen

Ou vin abite nan mwen

Pou w lonje yo lanmen

Anverite sa s on mèvèy

Couplet 2

Mèvèy Etenèl

Se don mwen

Jezi w se vi Etènèl

Mwen vin Sen

Pa akoz zèv mwen

Men akoz saw fè

Le w te vin chanje plas avèk mwen

Pre-Choeur

Vi mwen kòmanse lè Ou resisite

Mwen leve mwen leve

Pou m al kontinye travay Ou kòmanse

Pont

Jodiya nou se pwezi

Nou se mizik

Kreyati tou nèf

Ou fè nan JeziKri

Ki pou travay

Fè bel bagay

Ou te prepare davans


Swiv Avek Videyo A

Follow Along With The Video

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *