Pou Toutan

Share | Pataje

Couplet 1

Pou toutan W-ap renye

Nan prezans Ou m-vle rete

Lakay Ou m-vle abite Jezi

Devan-W m-ap pwostène-m

M-vle fè vi-m ap adore-W

Kiyès ki ka kanpe devan-W Jezi

Pre-Choeur

Depi jou nou kontre

Ou pa janm fè-m defo

Lè mwen avè-W kè-m pa janm sote

Lè tout moun banm mwen do

Ou kanpe bò kote-m

Pou toutan ki gen tan m-adore-W

Choeur

Jezi Jezi

Adorasyon mwen se pou Ou

Papa Papa

Pou toutan ki gen tan m-adore-W

Refrain

Pou toutan ki gen tan m-adore-W

Pont

M-exalte-W paske-W se Bondye

W-ap domine pou letènite

Lè-w pale kiyès ki ka reziste

Mwen koube-m byen ba pou-m adore-W

The artist’s Music on Other Platforms

Mizik Atis La Sou Lòt Platfòm


Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *