Sou Jenou M

Share | Pataje

Couplet 1

Kòk chante

Solèy parèt nan syèl la

M poko menm leve

Yon lo pwoblèm anvayi pense m

Men sa pap pase

Mwen louvri je m

Yon bann opòtinite ap gade m

M poko menm leve

Yon la perèz anvayi m

Sa sa ye

Pre-Chouer 1

M deklare sa pap pase

M pap kite lenmi an gache

Jounen sa mwen pral dedye l sou jenou m

Couplet 2

M gen pwomès

M kwè se sezon m’nan ki rive

Lenmi yo tande

Kijan m ap louwe

Kijan m ap danse

Men sa pa gade m

M se pitit BonDye

Rele m co-heritier Jezikri

Se desten m pou m briye

Ou mèt akize m

Di m pa kalifye

Pre-Choeur 2

M deklare sa pap pase

M pap kite lenmi kontrarye m

Viktwa sa a mwen pral dedye l sou jenou m

Choeur

Depi l fè jou mwen leve mwen leve

Sou jenou m

A midi mwen leve demen m anlè

Mwen louwe W

Anvan m dòmi m ateri m ateri

Sou jenou m

Viktwa m se mwen k aktive l

Sou jenou m

Pont

Mwen debloke tout pwovizyon mwen

Mwen aktive benediksyon mwen

Lènmi m yo tranble yo dispèse lè m sou jenou m

Lè m sou jenou m


Swiv Avek Videyo A

Follow Along With The Video

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *