By Haitian Artists

Li Poko Twò Ta

Li poko twò ta, Li poko twò ta, Bondye Abraham nan pa jan-m anreta , Li poko twò ta , Li poko twò ta , Vle pa vle m-ap antre nan destine-m....Sezon sa pap fini pou mwen pa jwenn, Bon nouvèl pam nan, Bon nouvèl pam nan...

Mwen Dakò

Wi mwen dakò Senyè pou m adore w, W ou merite l, Wi mwen dakò pou voye m kote w vle, Paske w se Bondye, Wi mwen dakò pou m fè lwanj pou ou, Wi ou meritel , Ah wi mwen dakò , Senyè mwen dakò

Mwen Pa Kapab

Chay yo twop pou mwen, Ede m pote vin sekoure m, Dezi mond lan twop pou mwen, Kenbem pa lage m, Ou menm ki di frape pòt ou wa louvri pou mwen, Mwen desann byen ba w ap soutni mwen...

Li Renmen Nou

Lanmou Bondye pa gen parèy, Li san limit li ale tout kote, Ale tout kote o o, Li toujou kanpe la avè m, Li defann mwen nan tout kalamite, Tout kalamite...

Fòm Temwanye

Sa Bondye vle m ye a, Li deja ekri, Vle pa vle pa gen ayen ki ka bloke l, Lè pou m te mouri yo, Li deja pase, M deklare nan non Jezi fò m temwaye...

Mwen Rekonesan

Mèsi pou lanmou w, Mèsi pou gras ou, Mèsi pou prezans ou nan lavi m, Mèsi pou jwa ou, Mèsi pou lapè w, Mèsi pou bote ou nan lavi m...

Nou Pase

Nou pase, Paske w pase, Nou leve, Paske w leve, Jezu se ou ki fè wout la, Jezu ou se wout la, Nou pase, Paske w pase, Lè w resisite...

Mèvèy Sa

Ou fè mwen kriye glwa alleluia, Bouch mwen bezwen chante mèvèy sa, Nanm mwen bezwen pale mèvèy sa, Ou fè mwen rele glwa alleluia, Mwen bezwen kontanple mèvèy sa...