Haitian Creole Worship Songs

Pou Toutan

Jezi Jezi, Adorasyon mwen se pou Ou, Papa Papa, Pou toutan ki gen tan m-adore-W...M-exalte-W paske-W se Bondye, W-ap domine pou letènite, Lè-w pale kiyès ki ka reziste, Mwen koube-m byen ba pou-m adore-w..

Ou Soti Lwen Ave m Jezi

Ou soti lwen ave-m Jezi, Gende bagay ou fè pou mwen, Mwen m pa konnen yo, Mesi mesi Jezi...Li kite twòn li, Ak lame zanj yo, Li site non mwen , Chen yo kase, Wayòm li vini , Ak tout pouvwa li, Li rachte nanm mwen, Mwen libere...

Mèsi

Mwen koube mwen byen ba devan-W pou-m di-W mèsi, Mèsi Senyè mèsi, Mwen koube mwen byen ba devan-W pou-m di-W mèsi, Mesi Bondye mèsi...

Gad Kijan Jezi Renmen M

Gad kijan Jezi renmen-m, Gad kijan Jezi renmen-m, Wi li renmen-m, Mwen menm ki pat anyen, Yo egare ki pat konnen kote-l prale, Mwen menm ki pat anyen...

W’ap Aji

Men-m yo ap adore-w, Yo p-ap janmè bese, Bouch mwen ap chante glwa, Li pap janm ret fèmen nan pwoblem yo, Bondye aji, Bondye aji, Bondye aji...

Anvayi’m

Bondye ou san parey, La glwa ou san mezi, Otorite pou ou, Ou se mèt late, Mwen bezwen prezans ou pou nanm ka beni, Anvayi mwen ( Avayi-m)...

Ou Sèl Ki Konsa

Se ou menm sèl ki konsa, Se ou menm sèl ki konsa, Se ou menm sèl ki konsa, Se ou menm sèl ki konsa, Mwen vle fè menm jan ak serafin yo, Mwen desann sou jenou-m pandan m-ap leve non Ou byen wo...