Kote Sa Bondye Paka Fè A
Kote kote kote, Sa Bondye paka fè a, Li fann lanmè an de, Li fè wout bay pèp li pase, Montay sa ki kanpe devan-w lan, Li pa pi wo ke Bondye...
Kote kote kote, Sa Bondye paka fè a, Li fann lanmè an de, Li fè wout bay pèp li pase, Montay sa ki kanpe devan-w lan, Li pa pi wo ke Bondye...
M-pap fè Bondye-m nan wont, M-ap leve non Bondye anwo nan konpòteman-m, M-pap fè Bondye-m nan wont, M-ap leve non Bondye anwo nan konpòteman-m, Se pou lavi-m fè tout payen yo kriye, Gen Bondye, Se pou limyè nan mwen an briye...
Pouki move jou yo fè nou doute, Jezi mande pou nou pa enkyete, Nou se yon ras elu, Nou se yon pèp aki, Se nou Bondye chwazi pou temwen, Pandan w-ap avanse leve men ou anle, Chante glwa a l-anyo Bondye a...
Batay la se pou Letènèl, Poukisa w-ap kaze kò-w, Batay la se pou Letènèl, Rete an silans an silans, Ou mèt esye depi jodi pou rive demen, Se pa anyen w-ap regle, Pito-w lage batay la nan men Letènèl...
Ou menm sèl mwen adore, Ou menm sèl mwen louwe, Gran Jewova Chef lavi a, Tout onè lwanj pou Ou, Onè pou anyo a, Chapo ba pou Jezi, Ou menm sèl ki sen...
Lonè lwanj, Tout se pou Senyè, Alelouya, Nanm mwen beni non ou, Si-m pata chante, Konnen mwen ta pli malere, Chante wi chante, Se sa kè-m dezire...
Avèk Ou mwen santi-m byen
Lè-w touche-m
Nanm mwen tresayi, Mwen vle viv yon lòt moman damou, Avèk Ou Jezi mwen, Mwen vle viv yon lòt moman damou...
M ap monte mòn nan kanmenm, San gade dèyè, Avek Jezi m-ap rive...
F-on bagay nef nan lavi-m, Bagay nèf nan lavi-m, Bagay nèf nan lavi-m Senyè...
Si w wè m-ap viv vyè frè-m, Gras Bonye sou mwen, Se pa anyen m-fè pou sa, Se gade m-gade wè-m konsa